En vedette

Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an

 

Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an

Banj medya vini ak yon aktivite ‘’pop the ballon’’. E Haititchala te pote kèk pwen esyansyèl depi premye ‘’show’’ la pou ou. Se nan optic sa plizyè ‘’pop the ballon’’ fèt, e rezilta yo te souvan aplodi pa piblik la, men sa konn rive tou ke piblik la, gen kèk ti pwoblem ak patisipan e menm montre sa nan komantè yo fè sou rezo sosyal yo.

Koup, ki enterese tout moun nan pa lòt ke, Boubouline ak Cappuchino. Si gen relasyon ki bati an blòk ki kraze, ebyen relasyon sa ki bati avek blad la te bay yon lòt imaj. Koup la komanse nan fè manje ansanm, Banj medya ede koup la pataje kèk bon bagay yap travèse ansanm ak nou, koup la tap navige sou lalin jan moun yo konn di a. Nan langaj granmoun yo, si fè wè pa dire, ebyen poste relasyon sou rezo yo pi mal. Ti kras pa ti kras la, koup la komanse retire imaj ke se yon koup kap tande mizik ansanm, kap fè manje ansanm, kap bay ti flè an piblik, kap menm bay lòt jèn konsèy sou kijan pou yo fè relasyon an chire pit sou rezo yo, pale lòt mal, poste ak lòt dj, goumen pou password, e menm trete lòt la de chyen, non eskiz, de machan chyen.

Tounan istwa a komanse pa komanse lè Boubouline di ke li menm li se yon fi ki cho, e se gras ak Gaspard ki fè li wè sa, li pito komanse pandan Boubouline deklare ke Gaspard gen 35 lane, e jan nou ka entèprete l yo, misye pa gen twò gwo opsyon nan lavi l. Boubouline  pral gen 24 lane, li gen biznis ak manman l, e li gen pwòp biznis pa li, e li ap  fè pwomosyon tou. Nan ka sa, li wè nan li yon fiti fanm afè, e kap gen pou domine mond lan fason pa li. Nan kèk lòt mo, Boubouline estime ke lap prepare avni l, e li konn sa li vle pou tèt li. Podyab Gaspard, ki limenm gen 35 lane, kap vann chyen, bon nou pa deside rantre nan si biznis lan rantab ou pa, e ki pa gen twò gwo pèspektiv pou lavni selon Boubouline. Apre analiz sa diy de yon ‘’ medium’’ ke Boubouline fè a, li estime ke Gaspard poko pare vre.

Gaspard vle gen timoun, vle gen yon relasyon stab, vle fè vèsyon 2.0 lanmou Romeo ak Juliet la. Men mwayen yo selon lòt patenè a, pa fin koresponn ak sa. Dayè Boubouline deklare ke Gaspard sou kont fanmi l e li panse yap edel leve timoun nan. Kounyea nenpòt fason zen sa ka fèw ri, li dwe pousew pi devan, pi devan nan sans pouw reflechi, èske Boubouline gen rezon? Yon gason ki gen 35 lane, ki pa vrèman posede anyen, èske li ak fonde yon fwaye? Eske patriyaka a, pa mete yon gwo responsabilite sou do gason tou, komkwa, yo sipoze prè avan yon fi, si yo vle fè bagay serye? Eske tou, Boubouline gen rezon al pale bagay sa yo sou rezo yo? Gaspard li menm bò kote pa l ki deklare, ke chyen souvan pi lwayal ke kèk fi, eske li gen rezon, èske tou ripti sa te sifi, pou fe Gaspard tounen yon chantè?

Zen an ap kite anpil kesyon lakay nou tout, e komantè yo sou rezo yo pa janti menm menm. Yon bò, gen moun kap pran pou Gaspard komkwa, wi van chyen pa dezonè, e wi Gaspard ka vle viv vil jan li vle, e yo menm ale pi lwen pou opine sou kondisyon fizik Boubouline pou yo montre l ke Gaspard te avèl, e li te sipoze pran sa gwo. E gen yon lòt bò, Moun sou rezo sosyo ap pran pou Boubouline kap di temèt chyen Gaspard yo pat gentan mòde Boubouline, Boubouline mèt kite misye nèt, Gaspard se ‘’views’’ lap chache, Gaspard ap pran pòz ti inosan l. Angwo, istwa sa boulvèse rezo yo, E Gaspard ak chyen li yo pran yon gwo kou. Erezman piblik la konpran ke Gaspard pa yon machann bega paske souvan yo toujou panse machan chyen, se moun kap van bega…


Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :

Commentaires

Publier un commentaire

Messages les plus consultés