Passer au contenu principal

En vedette

Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo?

  Ki Diferans ki Gen Ant Bous MOFA ak Bous ICDF Taiwan (Taywann) yo? Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti ouvri de gwo pwogram bous detid pou etidyan ayisyen chak ane: MOFA Taiwan Scholarship ak ICDF International Higher Education Scholarship. Menm si toude bous sa yo bay opòtinite pou etidye Taiwan, yo gen diferan kondisyon ak avantaj. Ann gade diferans prensipal yo. 1. Lang ansèyman an MOFA Taiwan Scholarship : Tout kou yo fèt an mandaren . Benefisyè yo resevwa yon ane aprantisaj mandaren anvan yo kòmanse etid inivèsitè yo. ICDF Scholarship : Tout kou yo fèt an anglè . Se yon bon opsyon pou moun ki deja pale anglè epi ki vle etidye san bezwen aprann yon nouvo lang anvan. 2. Nivo etid yo finanse MOFA Scholarship : Finanse Lisans (Bachelor), Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) . ICDF Scholarship : Finanse Metriz (Master) ak Doktora (Ph.D.) sèlman. Pa gen bous ICDF pou Lisans. 3. Dire bous yo MOFA ...

Taiwan (Taywann) Lanse Bous Detid MOFA 2025 pou Etidyan Ayisyen

 


Taiwan (Taywann)  Lanse Bous Detid MOFA 2025 pou Etidyan Ayisyen

Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti anonse ouvèti aplikasyon pou bous MOFA 2025 la.

Si w se yon sitwayen ayisyen epi w vle pouswiv etid ou nan Taiwan nan nivo Lisans, Metriz oswa Doktora, bous sa a ba w opòtinite pou w fè sa. Tout kou yo fèt an mandaren epi bous la enkli yon ane aprantisaj lang mandaren anvan ou kòmanse etid inivèsitè ou yo.

Detay sou bous la

  • Lisans (Bachelor): 4 ane etid inivèsitè + 1 ane aprantisaj mandaren (5 ane total)
  • Metriz (Master): 2 ane etid inivèsitè + 1 ane aprantisaj mandaren (3 ane total)
  • Doktora (Ph.D.): 4 ane etid inivèsitè + 1 ane aprantisaj mandaren (5 ane total)

Kondisyon pou w kalifye

  • Pou Lisans (Bachelor)
    • Gen mwens pase 23 zan
    • Byen metrize lang anglè
    • Gen yon diplòm fen etid segondè (BAC II) ak omwen nòt sa yo:
      • Philo A: 825/1100
      • Philo C: 1275/1700
      • Philo D: 1200/1600
    • Oswa, pou BAC Inik, gen yon mwayèn omwen 7.5/10 (1350/1800 oswa 1425/1900)
  • Pou Metriz (Master)
    • Gen mwens pase 30 zan
    • Byen metrize lang anglè
    • Gen yon diplòm Lisans soti nan yon inivèsite MENFP rekonèt (piblik oswa prive)
  • Pou Doktora (Ph.D.)
    • Gen yon diplòm Metriz soti nan yon inivèsite MENFP rekonèt (piblik oswa prive)

Dokiman obligatwa pou aplikasyon an

  1. Yon fòm aplikasyon ranpli epi siyen (File 2-1: Taiwan MOFA Scholarship Form)
  2. Yon biyografi an anglè (500 mo)
  3. Yon kopi kat idantifikasyon nasyonal
  4. Yon kopi paspò valab
  5. Yon kopi dènye diplòm ou genyen, otantifye pa otorite ayisyen yo ak yon tradiksyon ofisyèl an anglè
  6. Yon kopi relve nòt dènye sik etid ou genyen, otantifye ak yon tradiksyon ofisyèl an anglè (Si ou bezwen tradiksyon ofisyèl a bon pri, ekri HaitiTchala sou 48087591)
  7. Yon kopi fòmilè ki montre enterè ou pou nouvèl sou Taiwan atravè kont Facebook, X (Twitter) ak sit web Anbasad la (File 2-2: FB, X & LE SITE WEB D’AMBASSADE)

Kouman pou w aplike

  • Dènye dat pou soumèt aplikasyon: 28 fevriye 2025
  • Ou dwe depoze dokiman ou yo nan yon anvlòp ki make: "Demande de bourse MOFA Taiwan Scholarship Program", nan adrès sa a:
    Anbasad Repiblik Lachin (Taiwan), #22, Rue Lucien Hubert, Morne Calvaire, Pétion-Ville.
  • Kandida ki chwazi yo pral resevwa yon notifikasyon pa imèl oswa telefòn epi yo pral envite pou pase yon egzamen ekri ak oral.

NB: Si gen diferans ant enfòmasyon ki nan dokiman anèks yo ak sa ki nan anons sa a, se detay ki nan anons sa a ki ap valide.

N ap raple Taiwan se peyi ki bay plis bous an Ayiti chak ane. Selon anons ofisyèl yo an Out 2024 la, yo ap koumanse ofri 40 bous pa ane!!! Pami pi gwo ansyen bousye bous sa a gen Etzer Emile, Emmanuela Douyon epi Mike Béllot.

Pou plis detay, ou ka tcheke dokiman yo:

Se yon gwo opòtinite pou w etidye Taiwan! Pa rate chans ou!

📌 Dokiman akademik ou yo dwe tradui an anglè! San sa, yo p ap valide dosye ou! Pa rate chans ou!

📢 Haiti Tchala tradui tout dokiman bous ou bezwen rapid ak pri redui!
📞 Ekri nou sou watsap imedyatman nan 4808-7591!

Pou ou jwenn plizyè atik enteresan :


Commentaires

Messages les plus consultés