Passer au contenu principal

En vedette

Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an

  Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an Banj medya vini ak yon aktivite ‘’pop the ballon’’. E Haititchala te pote k è k pwen esyansy è l depi premye ‘’show’’ la pou ou. Se nan optic sa plizy è ‘’pop the ballon’’ f è t, e rezilta yo te souvan aplodi pa piblik la, men sa konn rive tou ke piblik la, gen k è k ti pwoblem ak patisipan e menm montre sa nan komant è yo f è sou rezo sosyal yo. Koup, ki enterese tout moun nan pa l ò t ke, Boubouline ak Cappuchino. Si gen relasyon ki bati an bl ò k ki kraze, ebyen relasyon sa ki bati avek blad la te bay yon l ò t imaj. Koup la komanse nan f è manje ansanm, Banj medya ede koup la pataje k è k bon bagay yap trav è se ansanm ak nou, koup la tap navige sou lalin jan moun yo konn di a. Nan langaj granmoun yo, si f è w è pa dire, ebyen poste relasyon sou rezo yo pi mal. Ti kras pa ti kras la, koup la komanse retire imaj ke se yon koup kap tande mizik ansanm, kap f è manje ansanm, kap bay ti fl è an piblik, kap menm bay l ò t j è n...

Ki dans kap mennen?

 

Ki dans kap mennen?

Nan yon ti tan ki pa twò long, sim poze w kesyon ki dans kap mennen ou tap gen tandans reponn “Nae nae’’, menm ‘’ limbo’’ dans afro , matimba ak anpil lòt. Ou te ka menm panse se kèk dans ‘’Chris Brown’’ kap mennen. Ebyen avek tik tok epi foug anpil jèn nan peyi a, komanse gen plizyè dans ki fè aparisyon yo sou teritwa nasyonal la.

Atik sa pap two chita sou jenèz mouvman dans la, men lap chita pito sou koman dans sa ap dewoule epi ki komantè moun fè sou li. Dosye dans sa komanse nan pifò komin, depatman, epi zòn nan peyi a. Chak kote sa yo vini ak yon stil de dans diferan. Tankou Okap wap jwen dans ‘’Konda’’ kote yon jèn gason toujou la pou chire yo ak dans la. Ebyen tout rès zòn yo swiv, senmak, Potoprens li menm ki vini ak dans pa li a kote yo enspire de pawol pastè ‘’Makenson’’ ki di fe gwo kè touye yo. Okay , jakmèl, tou gwo zòn nan peyi a pran. Ebyen kont tout atant, dans Ansafolè a genlè vale teren. Nan moman an, li kanpe an tèt de lis sou fason jèn yo inove, e sou fason mouvman yo kaptivan.

Tiktok tounen sèl abit, bon ann di abone tik tok yo tounen sèl abit. Se yo kap di ki dans kap mennen, e ki dans ki pa bon menm menm. Men menm tiktok sa tou, gen moun ki pwofite kritike. Yon bò , gen moun ki di, se yon anpil jèn ki pa gen anyen pou yo fè. Se paske pa gen peyi ki fè yap fè jan de bagay sa yo. Se jèn ki ta sipoze lekòl epi ap regle lòt aktivite. Gen moun menm ki ale pi lwen ki menm di sa se bagay timoun kap regle.

Yon lot bò, gen anpil moun ki apresye mouvman sa pou plizyè rezon. Yo komanse pa di, se anpil jèn ki gen imajinasyon. Yo komanse yon mouvman san vyolans e ki pran tout peyi a. yo fèl nan respè youn pou lòt pandan yo chak ap montre talan yo genyen. Yo menm kontinye pou di se nan bagay sa yap wè epi kapab dekouvri talan ki kache yo. Sa ede jèn yo montre sa yo ka fè, epi anbeli je nou. Sa pemet tou pou yo itilize rezo sosyo yo nan youn nan pi bon fason ke posib. Youn nan misyon rezo sosyo yo se anbeli lavi nou, mete jwa e rann pifò bagay aksesib. Ebyen jèn sa yo rantre nan lojik sa ap dosye dans sa.

Nap di w rive fè yon ti kout je gade mouvman dans sa sou tiktok e petèt wap ede pote jijman sou ki dans ki miyò epi wa envante paw tou siw gen yon ti ‘’Chris Brown’’ ki tap domi nan ou ki te bezwen pran lari…

Il est possible de consulter ces articles :

Commentaires

Publier un commentaire

Messages les plus consultés