Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Kontinan Afriken an fas ak kriz Ayiti a
Kontinan afrik la selon
plizyè je konsidere kòm bèso imanite a, e selon kèk anpil lòt kòm yon kontinan
ki chaje richès, e sa konn menm fè kèk lòt peyi gen anpil enterè ladan l. Men
pa bò kote pa nou, kontinan afrik vle di anpil bagay, se ‘’Alma mater’’ nou, se
la zansèt nou yo sòti, se la rasin nou chita, e pou plizyè lòt rezon nou sanse
lye ak kontinan sa.
E listwa rapòte, Ayiti te
pote soutyen l, bay Afrik la, sitou nan dosye voye pwofesè al bay timoun, jèn
edikasyon a plizyè nivo, e menm anperè a, te menm pote l volontè pou pran swen
pwojeniti kèk afriken, lè li te di’’ Les noirs dont leurs pères sont en Afrique,
n’auront-ils rien? Tout sa se
makonnen nou makonnen ak kontinan Afrik la, e nou souvan repete nou fyè ke se
la lonbrit nou mare.
Men nan moman an, nap viv yon sitiyasyon ki depase nou, si gen moun ki kont
yon misyon etranje vini pou divès rezon, tankou se piye y ap vin piye, se
maladi y ap vin bay, se blan kap vin okipe nou sou yon lòt fòm, men lide pou se
yon peyi afriken ki ap nan tèt misyon an, komanse chanje kèk lide sou kesyon
an. Eske se paske, nous santi gen yon rapwochman istorik, kiltirèl avèk peyi afriken
yo, bon sa ap mande yon lòt deba, men sa ki kenbe atansyon nou, pifò moun favorab
ak solda ‘’Kenya’’ yo si yo ta vle pote èd yo,
Menm si nou p ap chita sou dosye ke poukisa Afrik la pran tout tan sa pou
lonje bra bannou, poukisa nou poko santi solidarite nwa , nan yon sitiyasyon
parèy. N ap konstate ke ‘’Kenya’’ vini sou sòl la, e sa li ofri a pa fin ede
nou nan moman an. Dayè bandi pa vreman atake biwo leta, kek andwa stratejik pou
ekonomi an vre, bandi yo se popilasyon an y ap deloje pou mete pwòp biznis yo
anplas. Nan ka sa òf ‘’ Kenya’’ pa fin chita sou tab la, e nou pap menm pale
sou konbyen kòb sa koute pou mesye yo vin fè konsta teren an isit.
Eske nan moman an ak tout retisans sa yo, pa fè nou poze tèt nou kesyon,
kote Afrik la mete tèt li na koze sa, kote Afrik la, ki ta sipoze youn nan
pemye kontinan ki sipoze pote men bannou, kwake nan moman an, kontinan ap
konnen kriz politik , ekonomik pa l, men yon ti kout men, bay premye nwa ki
endepandan an, ki fè yon revolisyon anti esklavaj la sipoze sou tab la…
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
--
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Florvil Hyppolite
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Thèmes et contenus essentiels des Examens Officiels ( 9ème année fondamentale)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire