Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Zen kanis lan…
Zen kanis lan…
Twal la toujou chaje ak zen chak jou, e HMI lan pa janm
bouke inove zen yo pou plezi piblik la, e pou fè zòrèy nou plezi. Ebyen se
semen sa nou gen Kanis, nou te konnen l sou non Niska, ak anpil lòt. Si Atis la
nan mizik te konn ap di ou fè m fou, lap fèw bliye ke w te gen madanm, e li renmen
nèg ki kwè nan tèt li, e nèg ap vle vle koupe krèm gato a , ebyen semen nan zen
an kraze sa. E se nan sans sa nou ka afime ke atis la te jwen lucky man li a, e
misye te mèt yon vagabon, l ap toujou man li.
E tout bagay sa yo bannou sansayon ke atis la pa gen gwo
dash, men li bouje l tik tak, pou misye ka sou sa, lap lage l nan SOS pou li
bay sòs la. Clara Luce Lafond bannou yon bèl ide de dire womans lan. En resume
Kanis fè 3 mwa ak nèg la , e sa pa sifi pou kalifye de eks, bon pati sa soulve
gwo kesyon nan sosyete a, kilè w EKS, eske se lè yo te konn poste w, eske se lè
‘’ la baise était bonne, eske se lè ou te konn bay kòb , anfèt depi pòs
enstagram sa, pou w defini siw te eks vin konplike, e li tap bon si oumenm kap
li atik sa, pouw ta konn stati w.
Answit, Kanis menase ti dam , e ti pitit la menm afime ke
kanis te vle menm pouse l yon SOS pou li tranpe nan sòs li, Kanis ap menase l,
lap itilize fo nimewo, e li bezwen nèg li bak. Bon istwa a tris, Kanis genlè
paka rete nan li bon pou mwen an, e kèk fwa li pwofite fè bwa pou mesye, e n ap
tou pwofite di non ak vyolans sou gason e sou fanm. E Luce ale pi lwen pandan
li di ke Kanis pa gen sèvèl e li anvi wè mò, e Kanis ka ofri yon sèl bagay ke
seks. Bon nan moman an tap gen anpil moun ki tap anvi jwi twa mwa relasyon sa.
Bon nan kout kat la, nou ka di, Ti bway la manke Kanis
anpil, e li pap nan fache ankò si li ta wèl nan videyo ak Baky, e zen an poko
ka fini la. Piblik la ap rete tann vèsyon pa Kanis. Men tou sa atire atansyon
nou sou kiyès ki bay mesaj la. Bò kote pan nou, nou panse si se te yon gason ki
t ap pale de Kanis konsa, tap gen ti pale anpil, si se misye ki te konn bat
kanis tap gen yon ti pale pi rèd. Antouka Peyi a stresan e zen sa yo mete souri
sou lèv nou e pèmèt nou konn yon ekip bagay kap pase nan HMI la. Ann tann
pwochen zen an kiyès kap pote l.
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire