Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Sòl , Ki men ou renmen pran : premye ou denye ???
Sòl , Ki men ou renmen pran :
premye ou denye ???
Dosye Sòl isit, se yon aktivite ke nou jwen nan tout
kouch sosyete a. Selon mwayen ke w genyen, ou rantre nan yon sòl kote wap ka
peye, e fè pwojè sou kòb sa. Souvan sòl yo toujou gen menm karakteristik. Swa
yo peye pa mwa, swa yo peye pa semèn, swa sou 15 jou. Kantite kòb ou bay la, se
preske menm kantite kòb sa ou touche. Men yon pati ki enteresan, gen sòl kote
ou peye kaye, e kèk fwa, si lide w di w ou konn deside bay manman sòl la yon ti
kòb.
Kounyea kesyon kap poze poukisa moun yo fè sòl. Se
yon kesyon ki gen anpil repons. E dayè pou nou ekri atik sa, nou te oblije jwen
plizyè moun epi poze kesyon pou nou gen ase eleman. Gen yon madan sara ke nou
pap site non l ki afime ke li rantre nan
sòl sepou li ka peye lekòl pitit li yo. Li gen twa timoun, papa a pa nan
gwo djòb, se anba lavi l, li menm li ap vann, e fòk ledikasyon timoun sa yo fèt.
Li rantre nan 3 sòl. Li toujou asire l ke li touche sòl sa yo chak tan li gen
pou peye lekòl tchovi yo. Dayè
li di, si se pat sòl sa, li pa wè sa li t ap fè ak timoun yo. Papa a peye kay,
li menm li peye lekòl epi li bay timoun yo manje.
Gen yon lòt moun ki afime ke li rantre nan sòl, se pou li
ka jere dosye kay, chak ane li gen kay pou li peye, li rantre nan sòl la
inikman pou peye kay la, e li toujou bat pou li touche pandan kay la pral bout,
e si pa malè sòl sa ta kraze avan li touche, se syèl la k ap tonbe sou li. Sou
menm plan sa, gen moun ki tou pwofite eksplike nou kòman yo konn fè defisi nan
sòl. Gen moun ki rantre
ladan l, yo fin touche, epi yo lage cha a. lè konsa se manman sòl la ki cho, e
kèk fwa se gwo deblozaj ki konn pete. Gen kèk moun menm ki konn pran kòb sòl
moun yo epi kraze rak ak yo. Dayè gen anpil moun ki pran kòb sòl la ale Brezil
epi pa tounen.
Gen elèv lekòl li fè sòl pou yo ka achete tenis, sòti
ak fanm, ale nan epidor. Angwo kèk nan yo afime nou ke yo rantre na sòl pou yo
ka byen pase. Dayè lè kòb la nan men yo, yo flèks, medam rive sou yo, e tout
moun pran yo pou boujwa. E nan menm dosye sòl sa tou gen fanm ki gen 2 ak 3 nèg
nan optik pou chak nèg sa yo peye sòl pou yo. Bon pwoblèm nan, ti malere a pa
peye sòl pou tèt pa li, li pa peye l pou madanm li, li peye l pou yon ti fanm
deyò, ki pral mete ‘’lace’’ etc ak kòb sa. E sou menm plan sa, gen moun ki konn
pa manje pou yo peye sòl la pou tèt yo, pou yo ka reyalize pwojè yo.
Aprè tout bagay, n ap aprann de kèk granmoun ke sòl la
se tankou yon asirans sosyal, se yon kòb ou mete labank e ki ka depane w lè gwo
danje rive w, lè w bezwen konstwi avni w tankou fè kay, achete machin, peye
lekòl elatriye. Sou ti bout tè nou an, gen moun ki fè sòl
an goud e gen moun ki fèl an dola. Sa ki enpotan se ale kote men w ka rive.
Tankou yon granmoun ki afime nou, se moun ki gen biznis, k ap travay ki fè sòl.
Dayè se moun sa yo ki ka peye. Lèw sou kont diaspora, rantre nan sòl gen plis
riks, paske ou pa konn kilè dyaspora a, ap lage w, e lè konsa se sante moun nou
pral nwi.
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Florvil Hyppolite
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Thèmes et contenus essentiels des Examens Officiels ( 9ème année fondamentale)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire