Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Sòl , Ki men ou renmen pran : premye ou denye ???

 


Sòl , Ki men ou renmen pran : premye ou denye ???

Dosye Sòl isit, se yon aktivite ke nou jwen nan tout kouch sosyete a. Selon mwayen ke w genyen, ou rantre nan yon sòl kote wap ka peye, e fè pwojè sou kòb sa. Souvan sòl yo toujou gen menm karakteristik. Swa yo peye pa mwa, swa yo peye pa semèn, swa sou 15 jou. Kantite kòb ou bay la, se preske menm kantite kòb sa ou touche. Men yon pati ki enteresan, gen sòl kote ou peye kaye, e kèk fwa, si lide w di w ou konn deside bay manman sòl la yon ti kòb.

Kounyea kesyon kap poze poukisa moun yo fè sòl. Se yon kesyon ki gen anpil repons. E dayè pou nou ekri atik sa, nou te oblije jwen plizyè moun epi poze kesyon pou nou gen ase eleman. Gen yon madan sara ke nou pap site non l ki afime ke li rantre nan sòl sepou li ka peye lekòl pitit li yo. Li gen twa timoun, papa a pa nan gwo djòb, se anba lavi l, li menm li ap vann, e fòk ledikasyon timoun sa yo fèt. Li rantre nan 3 sòl. Li toujou asire l ke li touche sòl sa yo chak tan li gen pou peye lekòl tchovi yo. Dayè li di, si se pat sòl sa, li pa wè sa li t ap fè ak timoun yo. Papa a peye kay, li menm li peye lekòl epi li bay timoun yo manje.

Gen yon lòt moun ki afime ke li rantre nan sòl, se pou li ka jere dosye kay, chak ane li gen kay pou li peye, li rantre nan sòl la inikman pou peye kay la, e li toujou bat pou li touche pandan kay la pral bout, e si pa malè sòl sa ta kraze avan li touche, se syèl la k ap tonbe sou li. Sou menm plan sa, gen moun ki tou pwofite eksplike nou kòman yo konn fè defisi nan sòl. Gen moun ki rantre ladan l, yo fin touche, epi yo lage cha a. lè konsa se manman sòl la ki cho, e kèk fwa se gwo deblozaj ki konn pete. Gen kèk moun menm ki konn pran kòb sòl moun yo epi kraze rak ak yo. Dayè gen anpil moun ki pran kòb sòl la ale Brezil epi pa tounen.

Gen elèv lekòl li fè sòl pou yo ka achete tenis, sòti ak fanm, ale nan epidor. Angwo kèk nan yo afime nou ke yo rantre na sòl pou yo ka byen pase. Dayè lè kòb la nan men yo, yo flèks, medam rive sou yo, e tout moun pran yo pou boujwa. E nan menm dosye sòl sa tou gen fanm ki gen 2 ak 3 nèg nan optik pou chak nèg sa yo peye sòl pou yo. Bon pwoblèm nan, ti malere a pa peye sòl pou tèt pa li, li pa peye l pou madanm li, li peye l pou yon ti fanm deyò, ki pral mete ‘’lace’’ etc ak kòb sa. E sou menm plan sa, gen moun ki konn pa manje pou yo peye sòl la pou tèt yo, pou yo ka reyalize pwojè yo.  

Aprè tout bagay, n ap aprann de kèk granmoun ke sòl la se tankou yon asirans sosyal, se yon kòb ou mete labank e ki ka depane w lè gwo danje rive w, lè w bezwen konstwi avni w tankou fè kay, achete machin, peye lekòl elatriye. Sou ti bout tè nou an, gen moun ki fè sòl an goud e gen moun ki fèl an dola. Sa ki enpotan se ale kote men w ka rive. Tankou yon granmoun ki afime nou, se moun ki gen biznis, k ap travay ki fè sòl. Dayè se moun sa yo ki ka peye. Lèw sou kont diaspora, rantre nan sòl gen plis riks, paske ou pa konn kilè dyaspora a, ap lage w, e lè konsa se sante moun nou pral nwi.

 

Commentaires

Messages les plus consultés