Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Rap ap rete Rap Analiz kou l cho l kwit albòm Baky Popilè

Rap ap rete Rap nouvo albòm Baky Popilè

Mete limyè sou mwen, m vle pou rap kreyòl resevwa m, jan mwen ye a. Se konsa Baky Popilè komanse premye mizik nan albòm li a ki rele Rap ap rete Rap. Atis la komanse ak premye mòso a ki rele Bay Bondye yon beat pou montre tout sa li akonpli nan rap la, ak anpil lòt bèl frap. Li tou pwofite di kèk atis li nan bif ak yo, yo p ap ka kontrekare l dayè chante pa rap, e yo gen anpil efò pou yo ta fè toujou. Si nan yon moman atis P-jay te Jay-Z rap, Baky deklare ke menm Jay z nan moman an paka rivalize l, e nan moman sa, si li ta bezwen yon anfas, li tap Bondye, poutèt sa lap pouse Bondye yon beat. Mòso sa montre kòman atis la an pwisans ap demontre nivo l e l ap toujou 10 fwa pifò ke jan li te fò, lè li te pi fò pase yo a.

Pou kontinye ak albòm nan ki gen selman 6 gwo trak, Baky pouse yon rap o nivo sosyal. L ap dekri kòman sitiyasyon peyi a fin degrengole, tout nèg gen zam, leta febli, bandi ap fè lalwa. Pati sa enteresan paske li toujou bon lè moun ki gen vwa o chapit ap mobilize moun e alète yo sou yon sitiyasyon ki gen gwo enpak sou vi popilasyon an. Leta nan ka sa ta sipoze pran responsabilite l konn ekip ‘’Lucky Luke’’ sa yo. Men genlè anyen poko ap fèt e nou fenk kare livre a nou menm.

Jan sitiyasyon peyi a difisil la, Atis la pote yon trak motivasyon ki dekri sitiyasyon anpil sitiyasyon ti jèn ‘’ rèv mwen lou , men se mwayen yo ki lejè’’. E menm kèk fwa mwayen yo pa la menm. Si yon bò trak sa montre jan atis la pase mizè pou li rive nan nivo li ye la kounye a, yon lòt bò trak sa ta sipoze sèvi sipò moral pou ekip ti jèn ki kwè nan tèt yo e ki ki vle avanse. Toujou konnen ou ka fè plis pase sa w ap fè la, yo satisfè de ou, men y ap tann plis. Kontèks yo difisil, peyi a vle kraze espwa n men nou se solda, leve tèt ou, wout la long lojikman nap toujou bite. Sakrifis yo la pou fèt e yo koute anpil, men siksè a vo lapèn.

Aprè divòs Tafa mi Soleil ak Evazyon, nou jwen li sou yon beat ak Baky ki rele à l’infini, mizik sa rakonte istwa yon tifi 14 lane ki nan wout pou avotman. Se istwa ekip fi ki travèse anpil moman difisil nan sosyete a. Dosye vòl, vyòl, asèlman se bagay ki jouk ka prezan n ap batay nan sosyete a pou eradike yo. Gen kèk ti pwogrè ki fèt, men medam nou yo toujou gen santiman pè sa, e yo toujou ap sibi malgre efò ki fèt. Trak sa vle pouse nou reflechi sou sitiyasyon sa, sou dosye sa ki merite yon repons rapid e efikas. Si trak sa gen misyon pou leve konsyans popilè nou, fòk nou apresye tou Tafa mi Soleil ki toujou avèk vwa li ofri nou yon tikè pou nou al jwen bonè e amoni. Vwa Tafa bay mizik la yon lòt sansasyon e Baky fè bon chwa de li pou mizik sa ki charye gwo istwa sa. E pou fini menm jan Enock Massena toujou di l’’ pa touye tèt ou nan manje pwav pou lè piman vann bon mache pou w paka achete l’’. lajenès pa al vann tèt e pran desten w en men.

Aprè Tafa mi Soleil, nou jwen ‘’chòv ou’’. Si Atis la te kraze albòm kamasootra a, si lè gen bal medam yo fou pou touche l pou bo l, e mande kèk lòt bagay de atis la ke nou pap revele nan atik e ou ka deside ekri yo nan komantè anba atik la, li monte sou trak si yo vle ak Baky, Steve J Bryan, Trouble Boy e li kraze sa. Kolabo sa reafime pwisans Baky nan rap la, e atis la vin fò. Steve bò pa l, toujou vle fè nou sonje ke li se king trap la, e atake l sou nenpòt fason se ou kap viktim. Trouble menm afime ke se pa paske li pa fè rap di ke li p****** pou sa. Li konnen nan game nan yo pa vle wè l, y ap pale l mal, men li p ap fè bak, e l ap toujou rete referans nan rap la.

Pou fini Baky ekri nou yon dènye lèt bay piblik la. Li eksplike peryòd li te an depreseyon, e li tou envite nou voye je nou sou moun nan antouraj nou ki ka soufri maladi sa e ki pè pale. Mizik sa fè anpil mou nap poste sou stati yo ‘’ depression is real’’. Men redaksyon an ap tou pwofite di se vre anpil moun fè depresyon se akoz peyi a, men moun fè depresyon tou akoz de konpòteman nou menm. Avan w al ede yon moun ki an depresyon, gade byen lakay ou, si konpòteman w pa koz yon moun fè depresyon, saw di, saw fè, ou dwe ou pap peye, wap manje kòb moun, wap fè tripotay sou moun, wap taye zèb anba pye moun. Tout bagay sa yo koz viktim nan fè depresyon. Paska byen kolabre sou bit la e tout moun sanse satisfè pou trak la. Atis la tou pwofite rekonèt efò P-Jay nan game nan e twouve misye te ka bon zanmi l si bagay yo te pase otreman, Roody merite respè men lap toujou rete nan Bif avèl , e trak Koudeta ap toujou rete yon ‘’masterpierce’’.

Albòm nan gen bon feedback selon plizyè moun nou kontakte, e menm ekonomis Ezter Emile felisite Baky pou albòm , e fyè de akonplisman ke Baky bay antanke nèg Okay bay.


Nou rekòmande w atik sa a: 5 medam ki pi bèl nan HMI la

Klike la pou wè kijan Steve J Bryan Sove lavi anpil moun ki te an depresyon: https://www.haititchala.com/2022/02/steve-j-bryan-sove-lavi-anpil-moun-ki.html

Klike la pou w jwenn repons kesyon yo plis poze sou viza Etazini KesyonReponsVizaH2BH2A

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 

Commentaires

Publier un commentaire

Messages les plus consultés