Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Poukisa kotèks koute chè konsa!
Poukisa kotèks koute chè konsa!
Règ vide, règ swente, règ anreta, règ tout koulè, règ anemi, règ kaye. Doulè règ mare, vant kòde. Men nou derefize pale sou koze règ !
Koze kotèks menm se dwèt sou bouch !
Yon sachè kotèks ki gen apèn 8 grenn ladan l, koute 150 goud, fòk ou chanje l chak twa ou katrèdtan. Règ yo menm dire, 4 al 5 jou e genyen ki ka menm rive 8 al 10 jou. On fi ka pase 30 jiska 60 grenn kotèks. Kidonk, apre kalkil, an mwayèn on fi ap depanse, ant 600 goud ak 1200 goud chak fwa yo gen règ san konte lajan pou sila yo ki al pran piki, osinon achte medikaman pou doulè yo! (dayè plen nan nou ki gen andometriyoz san nou pa konnen, men sa se yon lòt deba pi rèd toujou).
Pri sa yo, se pou kotèks ki mwens "estanda" yo nou ka di, kotèks malere. Anpil nan nou, apre n fin sèvi ak yo, tou gen enfeksyon apre règ nou, tèlman kotèks yo pa bon kalite. Majorite popilasyon an ap viv nan prekarite, kidonk, yo pa gen mwayen achte kotèks pou ni ti demwazèl ki fenk ap gen règ, ni jèn fanm, ni fanm ki poko fè menopoz.
-Deja pa gen lajan manje, se pa lajan kotèks ki ta genyen?!
Nan kisa n lage la mezanmi ! Gen plizyè òganizasyon ki konn fè don sèvyèt ijyenik, se byen, men tout estòk ap fini kanmenm. Pouki nou pa janm kole zepòl pou jwenn on solisyon pou sa. Nou nan on peyi kote se fanm ak timoun ki sibi tout kalamite peyi a pi plis. Gen plis fi ki nan chomaj pase gason, gen plis fi ki nan sektè enfòmel la.
Medam ki ap travay yo menm touche 40 pousan fwa mwens pase gason yo pandan se yo ki konn okipe timoun ak kay lè yo selibatè (sikonstans fanmiy monoparantal yo).[1] Nou sanlè retounen nan chire rad blan pou fè kouchèt, dayè ta sanble yo pi bon pase sa n ap itilize yo. Nou sot selebre 3 avril 2022, yon dat kle pou mouvman feminis ayisyen, swete 3 avril 2023 ap genyen bonjan chanjman pou n fete avanse ki fèt pandan ti tan sila a.
Ruth Dharwina VALMYR
Si nou entèrese sou koze ki konsènnen fi epi pataje eksperyans, klike sou ekriti ble sa kounya ruthdhva.instagram
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Florvil Hyppolite
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Thèmes et contenus essentiels des Examens Officiels ( 9ème année fondamentale)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire