Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Shabba , Madanm li, Jeff, ann gade konfli an sou plizyè ang

 

Shabba , Madanm li, Jeff, ann gade konfli an sou plizyè ang

Souvan zafè moun ki renmen toujou trete anba tab, e menm lè gen pwoblèm tou, yo jere l andedan, dayè se youn nan rezon ki fè yo toujou di “ rad sal lave an fanmi’’. Men denye jou sa yo avèk evolisyon rezo sosyo yo, nou jwen pwoblèm yo ‘’live’’. Nou komante e menm vle tounen jij kèk fwa.

Ebyen jodia se tou pa Shabba pou li fè aktyalite. Se vre Shabba, se yon atis ki fè non l nan mond mizikal la. Li te pase nan djakout #1 antanke tanbourinè men tou antanke moun ki te konn chofe djaz la sitou lè kanaval. E n ap sonje tou bif ki te konn genyen ak T Vice e tout peripesi Shabba te konn pase.

Djakout #1 kraze, Shabba lanse kèk lòt ti pwojè mizik ak lòt moun jiskaske li ateri ak EKIP. Ekip konnen anpil siksè e djaz la bay anpil espwa. Men pandan tout tan sa yo, fwaye Shabba tap pran gwo sekous, e menm Prepetit pa t ka prevwa gwo sekous sa yo. Madanm Shabba deside kite l e nap note ke moun sa yo te gentan gen 2 pitit ansanm.

Divòs petèt ankou, Shabba ap pran frap sou rezo yo, madanm li deside al jwen Jeff. Se konsa nou ka rezime sitiyasyon ki mennen ak batay la nan Peyi vwazen an. Pandan yon pwogram, madanm Shabba nan kare VIP ak Jeff ap gad ex li k ap pèfòme. Shabba deside mete yon ti piman. Li lanse kèk pawòl ki sòti nan yon mizik k ap fè hit nan peyi a. ‘’M pa wè madanm mwen non,…………’’ rès fraz la nou konnen l deja. E tout bagay sa yo vin Mennen ak batay, Jeff dèyè bawo, madanm Shabba tonbe kriye, Laplanta o zanj…

Men sitiyasyon sa pouse nou reflechi, eske moun yo te sipoze rive la, Tidjo afime ke Shabba petèt gen rezon, moun yo agase l twòp. E gen kèk moun ki dakò , yo di dam nan mechan, ou fin kite nèg la, epi wap plede mache nan pwogram li, pou vale pwogram k ap fèt nan vil la, se nan pa Shabba a ou chwazi ale, pou w ka nwi malere a. Sitiyasyon sa fè anpil moun pran lapèn pou Shabba kwake fanatik Shabba yo jwe bingo nan vizaj Jeff.

Yon lòt bò, Jimmy Danger deside flite…. Shabba. Li deklare Shabba pa gen dwa ap fè grimas sa yo, e li pa ta dwe ap trete yon fanm ke li gen pitit avèl nan fason sa. Bon gen moun ki dakò, e menm di pou respè pou timoun yo, Shabba pat sipoze lage slogan mizik lan nan degrenn malerèz la.

Istwa sa fè anpil tole, e menm Tony mix fè tweet pou agase Shabba pi rèd. Nou kite w oumenm lektè pou w bay pwòp jijman w sou dosye a e di kiyès ki gen rezon. Fòk nou pa janm bliye nan dosye sa yo, timoun yo toujou viktim, avan tout bagay toujou panse ak yo, ak lavni yo e ak byen èt yo.

Commentaires

Messages les plus consultés