Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Steve J Bryan Sove lavi anpil moun ki te an depresyon

 

Steve J Bryan Sove lavi anpil moun ki te an depresyon

Denye jou sa yo, peyi a konnen anpil moman twoub sou plan politik, ekonomi, sosyal. Men gen yon aspè nou souvan pa pran ankont. Nou souvan inyore pwop tèt nou, di kijan nou santi nou, pale de sa kap travèse nou ak kèk zanmi, fanmi. Kwake pa vrèman gen yon etid ki pwouve sa, men nap dakò anpil nan nou soufri depresyon. Depresyon sa sòti plizyè kote, gen moun se paske yo pap travay, oubyen yo pap touche ase byen, gen moun se paske yo gen pwoblèm familyal, e gen yon dividal rezon ki ka rann nou depresif, men nou souvan pè pale de sa, e souvan bagay sa konn abouti ak kèk konsekans ki pa bon ditou pou sante fizik, mantal e menm nan entèraksyon n ap genyen ak moun ki bò kote nou.

Ebyen nan jou ki pase yo, nou te wè Steve J Bryan ki te kouche sou kabann lopital, e li ta p eksplike kijan li te an depresyon e kijan sa te aji sou li. Nan tèt tout moun, Steve se yon moun ki fò, e ki pa gen tip de pwoblèm sa yo. Men li deklare ke nan moman an, moral li pa t bon. Li menm eksplike sa atravè yon mizik li sòti depi twa jou ki rele FOS MWEN. A travè mizik la, li eksplike kijan li te ba, li te lopital pou pwoblèm fizik, men sa te vin agrave sante mantal li. Li te kenbe fèm e zanmi l yo te la pou li, e li te arive simonte moman feblès sa. E n ap tou remake, se pa paske yon moun ap ri, ki fè li pa an depresyon, chak moun jere yon fason pou li swa pa kite moun wè sa oubyen pou li mande èd.

Aprè mizik la fin sòti, li fè kèk pòs sou twitter epi envite kèk moun pale de sitiyasyon ke y ap viv, ki aji sou sante mantal yo, e ki rann yo depresif. Sa te vin fè gen anpil moun ki te pè pale, e ki pran misye kòm modèl, pale, yo vin santi, se yon okazyon ke yo ka pale devan tout moun, e degaje konsyans yo. E gen anpil temwanyaj ki bay, dayè gen yon ti jèn ki menm ekpliske kòman manman l mouri pandan li pral gradye sendomeng. E li te santi pa gen moun ki te kanpe avèl. N ap ka li plis sou sa nan foto ki pibliye anba atik la.

Steve J Bryan sèvi ak notoryete ke li genyen, lanmou li gen pou piblik la, pou fanatik li yo, li deside fè mizik sa, epi envite moun pale de sa k ap fè yo mal. Inisyativ la bèl e li pote bon rezilta. Si w santi moral ou pa bon, ou an depresyon, chache yon zanmi, fanmi pou w pale, e si w vle ou ka menm al anba tweet Steve la pou w eksplike sa. Pa kite anyen toufe w, lavi bèl e fòk ou viv. Mèsi Steve J Bryan pou gwosè travay sa.





Commentaires

Messages les plus consultés