Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Mikaben , Anie deba sèmen nan!!!

 

Mikaben , Anie deba sèmen nan!!!

Tankou yon kòd ki kase, ke mwen pa t kalkile, yon zeklè k ap file, ki fè repitasyon m pran kou, mwen pata imajine, ke sa te ka rive, pou Mikaben trayi m konsa. Se konsa nou ka dekri relasyon ant Mikaben e Anie nan moman an sila. Nou tout konnen Mikaben te koupe fache ak Anie e li te menm rive marye e gen pitit. Anie bò pa l, te kontinye viv.

Denye jou sa yo, bagay yo te komanse mangonmen pami 2 moun sa yo. Mechanste te menm wè Anie kap fè avòtman pou Atis Mikaben. Men dènye kou ki touye koukou a, Mikaben deklare se vire li ta p vire ak Anie. Lojikman yon nouvèl konsa mete tout jenès la sou 2 pit yo lol. Tout moun ap kòmante, sa ki bay Mikaben tò pou di, li pa gen dwa ap pale de yon fanm konsa, sa yo se pawòl denigreman, se mank respè pou fi elatriye.

Yon lòt bò, gen moun ki di, Anie te komanse, li te deklare atis a se te zanmi l li te ye, pandan ke atis la te menm fè videyo pou deklare tout moun ke Anie se mennaj li. Kèk moun deklare kou pou kou Bondye ri. Anie bay e li resevwa, frap sou frap, e twal la ap anflame, jenès la gen sijè deba l pou semèn nan. Dayè Rutshelle gentan pote kèk eleman repons pou nou pandan l ap envite nou fè distenksyon ant kilè ou mennaj e kilè se vire y ap vire w. antouka na ka Rutshelle ak Roody, yo chak te jwen yon lòt.

Men, deklarasyon Mikaben nan tou ka frajilize ekip bann koup nan moman an. Li pral pouse anpil fi oubyen jèn gason poze tèt yo kesyon èske se pa vire ya p vire avèk yo. Eske se pa remix videyo kanaval T Vice la y ap fè ak yo, y ap fè yo vire elikoptè a. kou gaz la fini, oubyen moun nan rive l ap lage cha a. Men tou gen moun ki konnen fè e byen ke y ap vire yo, e ki dakò sa , e genyen tou ke y ap vire men k ap di tout zanmi yo se pwojè maryaj k ap regle( Ala kote moun yo foulay papa). Antouka, youn nan bagay ki enpotan, lanmou ap toujou briye, e jenès la sipoze kiltive respè pou chak lòt pou pi douvan pou nou pale nan chante Ou pa t janm renmen mwen, cheri ou pat janm renmen m.

Commentaires

Messages les plus consultés