Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Thoy’Art ak Negès Da, analiz jiridik e sosyolojik sou sitiyasyon an...

 

Thoy’Art ak Negès Da, analiz jiridik e sosyolojik sou sitiyasyon an

Chak sosyete gen kilti pa l, e chak sosyete gen yon ansanm kwayans e Pratik ki pwòp a li menm. Sa fè depi kèk tan, Thoy’Art ak Negès Da ap anflame fesbouk ak kèk lòt rezo sosyo. Nou tap pwofite tande bèl ti vwa sa, kap chante, kap montre tout moun bote kilti kreyòl la, e menm jenere espwa lakay kèk moun ki te bezwen enspirasyon ak lòt ankò. Men tou, kèk moun te pwofite di Thoy’Art mèsi pou talan sa l ap ede nou dekouvri, e pou jan li trete Negès Da tou, men yon lòt bò gen moun ki t ap di tou Thoy’Art se pwofite l ap pwofite de talan timoun nan, de vwa l ak lòt ankò.

Men sa fè kèk jou ke nou aprann lanmò souden Negès Da. Nouvèl sa mete dlo nan je kèk moun, e sisite tou kolè lakay kèk lòt moun. Si entènot yo ka santi yo ranpli ak tristè pou Da ki ale, manman l ak fanmi l plis pataje kolè. Yo menm akize Thoy’Art kòm kwa li gen yon bagay pou li wè ak lanmò ti lèzanj lan.

Kounyea sou plan jiridik, byen ke manman Negès Da deside di li pral lajistis, sa mande pou nou fè yon ti kout pye gade sa lalwa di. Nan ka gen ‘’meurtre’’, oubyen’’ Assassinat’’ ki se lè gen premeditasyon, gen twa eleman enpotan ki pou respekte. Premyeman fòk gen yon eleman materyèl, fòk yo ka pwouve pa a plis b ke se ou ki touye moun nan, e yo konn ale pi lwen pou mande zam krim nan. Answit, lalwa mande fòk entansyon an la. Fòk ou wè reyèlman entansyon moun nan, nan zak li komèt la epi an denye lye fòk gen yon teks de lwa ki di kichòy sou zak la ki fèt la sinon pati advès la ka menm site yon nèg tankou Beccaria, pou fè referans ak kichòy li di nan liv li ki titre ‘’ des délits et des peines’’.

Nan ka Negès la, pwoblèm nan komanse ak yon ti fyèv, pase lopital epi ateri kay bòkò. Nou dakò depi tou piti, nan katye lakay nou, nou toujou konn tande pale de maji, de moun ki manje entèl nan maji, kay bòkò etc, men lalwa pa vrèman di kichòy sou sa. Kwake, Senatè Senatus ‘’ ZOKIKI’’, te fè yon rive an afrik pou apwofondi plis sou kesyon an, pou wè kòman nou te ka lejifere sou li, men gwo travay la poko janm fèt. Sa vle di, yon bò lap difisil pou pwouve eleman materyèl la epi zafè lwa ki lejifere sou sa ki fèt la pou ta kondane Thoy’Art. Sa ka rive, si otopsi Negès Da fèt, done yo ka chanje, men jan li ye a, pa gen twòp pwovizyon legal pou menm fè dosye a rive devan jij.

Sou menm plan jiridik sa, Thoy’Art te pran Negès la sou responsabilite l, li te nouri l, jere zafè lekòl ak kèk lòt ankò. Men nou pa vrèman wè gen yon papye ki pwouve ke Thoy’Art te gen yon papye legal pou li te pran Da sou responsabilite l sitou paran l vivan. Men gen yon jèn moun ki make yon pwen, nou pa site non l nan atik lapou kèk rezon ke nou pap bay. Li di, sou yon plan sosyolojik, moun andeyò yo souvan konfye timoun yo ak yon lòt moun, sitou si moun sa ka okipe timoun nan, si moun sa ka ofri timoun sa yon avni miyò. Epi lè moun nan fè sa, li vin tounen yon pratik, pou li menm, leta pa bezwen foure bouch li nan koze sa. Dayè, si w al nan leta pou w mande papye legal pou gad timoun nan, li ka pran sa mal komkwa ou gen lòt lide dèyè tèt ou. Selon refleksyon sa, Thoy’Art ta sanse gen yon ti lejitimite pou li gade Negès la paske se moun lakay li, ki te pote l ba li e yo pa t konn plenyen oparavan.

Dosye a sansib e petèt li ka rive lwen, men youn nan bagay ki enpòtan, se toujou gade kijan nou ka respekte dwa, e konnen pran yon moun sou responsabilite w kisa sa enplike. Redaksyon Haititchala ap di Sensè kòdoleyans ak Fanmi Negès la ak Thoy’Art e lap swete Negès la bon travèse ke nam li repose anpè.

Si w bezwen referans tout sa nou ki nan tèks la, pa ezite di sa nan yon kòmantè.

Commentaires

Messages les plus consultés