Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Kwense moun mete moun

 


Kwense moun mete moun

Kwense moun mete moun se yon slogan denye jou sa yo ki an vòg, Dj, jenès la, e kèk granmoun ap repete l. Ebyen si nou deside fè yon ti panche sou sijè sa, nou ka wè anpil bagay. Dabò, kwense moun mete moun pa yon bagay ki nouvo sou solèy la. Se vre, mo kwense a ki adapte nan konteks sa ka nouvo, men aksyon an nan li menm, pa nouvo. Dayè menm wa David te konn ap kwense moun mete moun e li menm rive voye ti bway Iri a mouri a pou li te ka kwense madanm li pami tout rès fanm li yo.

Denye jou sa yo, Tony mix mete slogan sa an vòg e pèmèt nou wè koman sosyete a, ap fonksyone. Yon bò, gen moun ki dakò sou fè ke, bagay kwense moun mete moun sa, se dosye enfidelite. Selon règ moral yo, ou pa sipoze gen plis ke yon patnè, men dosye kwense moun mete moun nan di depi w ka chikin pou yon lòt rantre se fèl. Nou nan yon gwo kamyonèt e chofè a, ap pran moun sou wout la, kwense kò w pou lòt rantre.

Yon lòt bò, dyaspora yo gen gwo repitasyon komkwa yo se moun ki fè aktivite sa plis. Yo kwense limena yo rèd rèd. Dayè se yo ki bay ‘’Laces, Iphone etc’’. Yo bote medam yo isit, yo gen medam nan chak blòk. Medam sa yo souvan konnen se kwense yo kwense yo, men yo pa may, depi yo chita byen nan kamyonèt la. Kwense a ale lwen, gen moun ki renmen lè yo kwense l, e gen moun menm yo reziyen yo ak kwense a, men se si yo nan plas ki adwat chofè a. se komsi yo se madan marye a, e lot kwensab yo se moun deyò. E menm gen moun se sitiyasyon lavi ki rann yo dakò kwense, dayè nou ka refere nou ak vès tikawo trafik nan mizik ki rele, nou menm , men kijan nou ye…

Nou genyen tou medam ki fidèl yo e ki pa vle kwense, yo di yo asmatik, souple pa kwense yo pou yo pa toufe. Men sa pa evite ke nèg yo kwense yo pi rèd, e selon sa nou ka wè, yo stil ap respire. Men sa ale pi lwen, se pa sèl mesye yo ki kwense moun, medam yo kwense rèd tou. Yon nèg ka ap poste madanm li sou stati l chak jou, epi se ak yon patnè l nan baz la madanm li ap kwense l, ka se a direktè, pwofesè, y ap kwense l. Angwo, deyò a pyeje, se batay pou w jwen ti grenn pa w la epi kouri avèl e menm nan kouri a, gen nèg ou fanm k ap double w e kwense l.

E youn nan denye aspè kwense moun mete moun nan, se timoun 2000 yo. Eske se yo ki anplifye slogan an, sa mande etid, men youn nan bagay ke konsta bay, yo kwensab, sou tiktok, sou lòt platfòm ki pèmèt moun nan eksprime l, ou ka wè yo an vòg ladan l. Dayè yo menm fè ti bout videyo sou sa. Kiyès kap voye premye pyè a, kiyès ki dwat, ki pa gen yon timoun 2000 oubyen nenpòt moun kwense nan dèyè kamyonèt li a…

Commentaires

  1. The Casino at Mohegan Sun in Uncasville - Mapyro
    The casino at Mohegan Sun in Uncasville, 충주 출장안마 Conn. 나주 출장샵 maps. 김해 출장안마 The hotel features an outdoor pool and 대전광역 출장마사지 a restaurant. You'll have to wait for the 과천 출장안마

    RépondreEffacer

Publier un commentaire

Messages les plus consultés