Passer au contenu principal

En vedette

🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓

 🎉 Découvrez l'UEH avec HaitiTchala ! 🎓 Préparez-vous à une aventure passionnante ! À partir du vendredi 11 octobre , HaitiTchala vous propose une série d'articles captivants qui vont vous faire découvrir chaque entité de l'Université d'État d'Haïti (UEH) à Port-au-Prince ! 📚✨ 🚀 Chaque jour, une nouvelle faculté sera mise à l'honneur ! Que vous soyez un postulant curieux ou un étudiant à la recherche d’infos pratiques, vous ne voudrez surtout pas manquer ça. Nous allons plonger au cœur de chaque institution : facultés, écoles, instituts – tout y passera ! 🌍💡 Vous découvrirez les programmes, les opportunités et tout ce qui fait la richesse de l'UEH ! 🏛️🔍 Nous vous donnons rendez-vous chaque jour pour une nouvelle découverte, et croyez-nous, vous allez adorer ! ❤️ 🎯 Ne manquez pas notre première publication ce vendredi 11 octobre ! C'est le moment de mieux connaître l'UEH et de préparer votre avenir avec les meilleurs outils. 📅💥 Soyez p

Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz

 

Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz

Denye jou sa yo, “ challenge Santorini’’ atire atansyon tout moun sou rezo sosyo yo. Gen de moun li pote lajwa, satisfaksyon e menm esperans, se nan menm moman an tou, li pote fristrasyon, avèk lòt santiman ki nan menm kategori sa. Avan tout bagay, nap dakò, Santorini pa yon pwodwi Ayisyen, li sòti nan Antiy yo, epi li ateri isit pou pote lajwa nan kè kèk moun.

Mizik santorini an, mande w pou w fè lajan, epi al nan vakans ak bikini epi lage l toutouni. Depi lè “challenge’’ sa kòmanse, gen kèk gwoup nan jenès maskilen an ki gen gwo lajwa nan kè yo, yo gen posibilite wè “crush’’ yo an bikini, bèl ti medam an bikini e anpil lòt vizaj ke yo pa t konnen an bikini. Dayè nan moman an, “shampoo’’ komanse diminye, e si sa ta rete konsa, endistri “shampoo’’ a pral gen pwoblèm pou li reponn ak demand nan. Ti Santorini gentan gen plis ke 13 milyon ''views'' e menm AURELIE, fè ti ''challenge'' pa l an bikini. Daprè kèk entènot ki toujou sou sa, gen bikini, ki parèt nan plizyè videyo, e sou plizyè moun... yon enfòmasyon ke na p genyen pou nou verifye, pa neglije ede nou nan yon komantè.

Si yon bò, Santorini fè tout efè sa, yon lòt bò, non sèlman li jwen kritik epi tou gen de moun ki tou pwofite fè kèk mesaj pase. Dayè, nou ka wè ak klè gen kèk medam ki pwofite montre diplòm yo, gen kèk moun ki menm merite tou pran pri nobèl pou moralis tèlman yo eteye sou kesyon an, gen kèk ki menm afime ke se jenès la kap fin depavre.

Bò kote pan ou, nou panse yon bò, nan yon sosyete kap fè pwomosyon dwa moun, moun nan gen dwa patisipe nan “challenge’’ li vle, depi li respekte vi prive paw. Moun ki plis fè “challenge’’ santorini an, se moun ki jèn , ki te sou tik tok déjà, e ki abitye fè videyo, pou yo pran plezi yo, gen plis “views’’ epi pou anpil lòt rezon . E videyo sa yo, yo konn fè déjà, konn avèk bikini oubyen lòt bèl ti rad dekòlte. Sa vle di, tout kritik sa ke y ap vann kò etc, se depi byen lontan pou yo te fèt, e la ankò se yon chwa moun nan fè.

Pou dosye diplòm nan, nou panse bò kote pa nou, li pa rantre nan konteks Santorini an. Ou travay pouw pran diplòm ou, n ap di w felisitasyon, men montre l, nan yon “challenge’’ ki pap pwone sa, li yon ti jan depase. Tout moun mennen vi yo, jan yo vle, ou vle fè vi w ap gen diplòm, ok, sa se yon chwa, menm jan yon moun ki vle fè videyo, pou li fè “views’’ pou li gen kòb, sa se vi pa l. N ap ale pi lwen pou nou di, nan bagay mankina yo, nou pa konn wè medam yo ak defile ak bikini epi diplòm nan men yo, nou pa konn wè Beyonce kap defile an bikini nan yon mizik epi diplòm nan men l. chak bagay gen tan pa yo, e tout gen rapò ak chwa moun fè.

Pou dosye moralis, sosyete ap depavre ak anpil lòt agiman nan sans sa, yon “challenge’’ kap pwone bikini sou fi, pa sifi pou di ke sosyete a depavre, dayè konbyen moun ki al nan lanmè ki poko janm fè koudèy pou analize fòm bikini ki sou yon fi. Se yon “challenge’’ e yo pa fòse okenn moun fè l e gade l. E menm la tou, si mete bikini, fè videyo avèl bay pwoblèm, m panse rapid vit, fòk nou ta siyen petisyon pou anpeche medam nan mankina yo mete bikini, medam “miss world’’ ak lòt ankò defile ak bikini.kounyea nap di se timoun 2000, men na p dakò, timoun 2000 yo nan laj pou yo fè sa, se laj jenès la fenk rantre ak anpil lòt. Dosye moralis yo pa finn kenbe wout la.

Ti santo ap fè wout li tankou ti sen, pou li lave zye kèk ti lèzanj e fè yo komèt kèk zak ke moun ka jije satanik oubyen diven. “Challenge’’ sa gentan jenere milyon “views’’ e bay ni tik tok e ni otè videyo, yon ti kòb ak anpil lòt abòne. 


Lè w finn li atik sa, pa bliye kite yon komantè...

Commentaires

Messages les plus consultés