Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz
Santorini, Bikini, Toutouni, Analiz
Denye jou sa yo, “ challenge Santorini’’ atire atansyon tout moun sou rezo sosyo yo. Gen de moun
li pote lajwa, satisfaksyon e menm esperans, se nan menm moman an tou, li pote
fristrasyon, avèk lòt santiman ki nan menm kategori sa. Avan tout bagay, nap
dakò, Santorini pa yon pwodwi Ayisyen, li sòti nan Antiy yo, epi li ateri isit
pou pote lajwa nan kè kèk moun.
Mizik santorini
an, mande w pou w fè lajan, epi al nan vakans ak bikini epi lage l toutouni. Depi
lè “challenge’’ sa kòmanse, gen kèk gwoup nan jenès maskilen an ki gen gwo
lajwa nan kè yo, yo gen posibilite wè “crush’’ yo an bikini, bèl ti medam an
bikini e anpil lòt vizaj ke yo pa t konnen an bikini. Dayè nan moman an, “shampoo’’
komanse diminye, e si sa ta rete konsa, endistri “shampoo’’ a pral gen pwoblèm
pou li reponn ak demand nan. Ti Santorini gentan gen plis ke 13 milyon ''views'' e menm AURELIE, fè ti ''challenge'' pa l an bikini. Daprè kèk entènot ki toujou sou sa, gen bikini, ki parèt nan plizyè videyo, e sou plizyè moun... yon enfòmasyon ke na p genyen pou nou verifye, pa neglije ede nou nan yon komantè.
Si yon bò, Santorini
fè tout efè sa, yon lòt bò, non sèlman li jwen kritik epi tou gen de moun ki
tou pwofite fè kèk mesaj pase. Dayè, nou ka wè ak klè gen kèk medam ki pwofite
montre diplòm yo, gen kèk moun ki menm merite tou pran pri nobèl pou moralis
tèlman yo eteye sou kesyon an, gen kèk ki menm afime ke se jenès la kap fin
depavre.
Bò kote pan ou,
nou panse yon bò, nan yon sosyete kap fè pwomosyon dwa moun, moun nan gen dwa
patisipe nan “challenge’’ li vle, depi li respekte vi prive paw. Moun ki plis
fè “challenge’’ santorini an, se moun ki jèn , ki te sou tik tok déjà, e ki
abitye fè videyo, pou yo pran plezi yo, gen plis “views’’ epi pou anpil lòt
rezon . E videyo sa yo, yo konn fè déjà, konn avèk bikini oubyen lòt bèl ti rad
dekòlte. Sa vle di, tout kritik sa ke y ap vann kò etc, se depi byen lontan pou
yo te fèt, e la ankò se yon chwa moun nan fè.
Pou dosye diplòm
nan, nou panse bò kote pa nou, li pa rantre nan konteks Santorini an. Ou travay
pouw pran diplòm ou, n ap di w felisitasyon, men montre l, nan yon “challenge’’
ki pap pwone sa, li yon ti jan depase. Tout moun mennen vi yo, jan yo vle, ou
vle fè vi w ap gen diplòm, ok, sa se yon chwa, menm jan yon moun ki vle fè
videyo, pou li fè “views’’ pou li gen kòb, sa se vi pa l. N ap ale pi lwen pou
nou di, nan bagay mankina yo, nou pa konn wè medam yo ak defile ak bikini epi
diplòm nan men yo, nou pa konn wè Beyonce kap defile an bikini nan yon mizik
epi diplòm nan men l. chak bagay gen tan pa yo, e tout gen rapò ak chwa moun
fè.
Pou dosye
moralis, sosyete ap depavre ak anpil lòt agiman nan sans sa, yon “challenge’’
kap pwone bikini sou fi, pa sifi pou di ke sosyete a depavre, dayè konbyen moun
ki al nan lanmè ki poko janm fè koudèy pou analize fòm bikini ki sou yon fi. Se
yon “challenge’’ e yo pa fòse okenn moun fè l e gade l. E menm la tou, si mete
bikini, fè videyo avèl bay pwoblèm, m panse rapid vit, fòk nou ta siyen
petisyon pou anpeche medam nan mankina yo mete bikini, medam “miss world’’ ak
lòt ankò defile ak bikini.kounyea nap di se timoun 2000, men na p dakò, timoun
2000 yo nan laj pou yo fè sa, se laj jenès la fenk rantre ak anpil lòt. Dosye moralis
yo pa finn kenbe wout la.
Ti santo ap fè wout
li tankou ti sen, pou li lave zye kèk ti lèzanj e fè yo komèt kèk zak ke moun
ka jije satanik oubyen diven. “Challenge’’ sa gentan jenere milyon “views’’ e
bay ni tik tok e ni otè videyo, yon ti kòb ak anpil lòt abòne.
Lè w finn li atik sa, pa bliye kite yon komantè...
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire