Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Le journal intime d'un étudiant kidnappé
Le journal intime d’un étudiant kidnappé
Anfèt, atik sa te sipoze ekri nan lang fransè, men, le w strese, yo kidnape
w, pa gen okenn mwayen pou mo voltè ak Wouso te pran tan yo envante a, monte
dwat nan tèt ou. Bon kidnapin nan se yn zak ke bandi komèt pou nwi kretyen
vivan. Etidyan, komèsan,
timoun pase nan woulo a. Tande istwa m nan…
Jou sa yo, ou tèlman tande kidnapin nan tèt ou, alafen ou di, tou pam nan
deyè. Se yon men sòl, sof ke ou pa konn kilè wap touche. Mwen te toujou panse
ke God la ak lespri yo tap pwoteje m, jiskaske yon machin ateri sou mwen epi yo
fè m monte. Nan moman an ke w ap bat, ou santi w ta kouri, kriye, batay, men w
tande nenpòt fo pa wap mouri. Antanke etidyan wap fè tèt ou travay. Ah monchè,
map rele anwey, nèg yo paka tirem nan mitan lari a, pandan ke tout moun sa yo
la. Men nan menm moman an wap sonje ke doktè mouri gran lajounen la nan aveni
Kristòf, nèg yo menm touye ti bebe. Aprè refleksyon sa, lojikman , ou oblije
monte machin nan san plenyen e dwèt sou bouch.
Ou nan yon machin tente, wap pase bò lapolis yo pa we w (ala rive lapolis,
yo pa wè si yo kidnape m). epi te kwè yo te di detente tout vit ( bon brèf ann
bay sa vag). Nèg yo ap pale nan machin nan, mande w si w pa gen moun lotbò, sa
moun lakay ou ap fè, ki pwofesyon w ?. se nan moman sa, ou komanse
reyalize , ou pral komanse yon vwayaj kap long e difisil. Lè w rive nan baz,
nan tèt pa w, ou panse sèl oumenm kap la, ou remake gen menm 10 moun kap tann
paran yo bay kòb. Kè w kase vip pandan ou konn manman w ap redi kwabosal, papaw
ap redi fè kou nan lekòl bòs Masèl e yo dwe l 10 mwa. Ou poze, ou rete tèt
frèt, wap di tèt ou map ka sòti la, dyadya yo ap voye je sou mwen.
Yo diw rele paran w, wap fè resistans, aprè plizyè souflèt , ou santi kèk
dan komanse souke, ou bay nimero, alo papa, kman w ye, epi boom yo rale telefòn
nan nan men w. mesye si w pa bay 2 milyon dola vèt, ou pap wè pitit gason w lan
ankò. Apèl koupe, epi wap fè refleksyon, paran w te mèt ap fè 15 zan travay yo
pap kapab peye. Ou sonje ou gen 3 tifrè ak 3 ti sè dèyè. Ou deside animal nan
mal li nan mal nèt. Wap prepare diskou pouw bay nèg yo, ou anvi touche moral
yo. Diskou w la pati konsa. Ah mesye ke
nou touye m nou fini, kote moun lakay mwen pral jwen kòb sa. Se fake nap bay,
sou radyo nap di nap batay pou pèp epoutan se pitit pèp nap kidnape. Ke nou
touye m , moun lakay mwen pap bay yon goud. Lanmò te toujou yon pasaj oblije,
ke m mouri m fini. Men pandan panse sa yo ap fèt se nan menm moman an, ou tande
yap di yon moun, oumenm ou gen 2 semen la, yo poko janm peye, nou pa gen
lopital ni ofelina la, nap likide w pou nou fè plas. Nan moman an, panse w
chanje, ou paka jwe nan mind nèg yo.
Kèk jou pase, wap mal manje, mal dòmi, ou toujou panse sa ap denye dòmi w,
manman w nan radyo, papa w nan mande prete, Andre Michel ap pale defen Jomo
mal, Lanbè ap kriye pou prezidan, Aryèl ap siyen akò, pa gen pèson ke moun
lakay ou, ak etidyan kap batay pou w lage. Bob C limenm se show lap fè, manman
w pa gen opsyon ankò, e se nan moman sa , wap wè jan lavi enpotan, tout lide ap
pase nan tèt ou.
Ou jis resiyen w, ou tonbe na pale ak nèg yo, ou mande sigarèt pouw wè siw
ta voye kèk nway ale, nèg la diw non, ou ka disparèt sou li, epi oumenm ki pa
menm konprann sa lap di a, nap bay blag , yo resi dakò baw yon ti jwen. Nan
sosyalize, yo redwi kòb la a yon milyon goud, paranw ap lite, etidyan ap
manifeste, trip ou ap fann, wap mande kilèw ap sòti. Jou yo kouri lan, lanwit
bon jan fè nwa, ou anvi mouri pou sa fini, men sa pap chanje anyen, tout nèg
pral di adye, yo pral poste diskouw , yo pral baw menm lòv yo te bay ti bway ki
te di leta espistemofòb la, men aprè tou, se paranw kap pran pi gwo kou a, se
paran w ki pral plis santi vid la. Nan reflechi, pòt ouvè, ou tande moun lakay
ou bay yon milyon goud la, kèw kontan, wap pase pami moun ki la yo pouw ale.
Eskew ka kontan, pandan wap gad kèk endividi ki la , e genyen kip a menm gen
moun pou rele pou mande peye pou yo, se jis jounalis kap fè lobi e kap ekri gwo
atik an fransè.
Lèw resi deyò, wap gad konbyen dèt moun lakay ou genyen, wap gad yon ti
bway ki kouche yon sew pou l ba li kòb pou konplete pou lagew, wap gad lekol ti
frew ki paka peye paske kòb la al peye bandi. Aprè tout pwoblèm sa yo, lew ap
mache nan lari a , tèt ou pa poze, se vre yo te kidnape w, men pa gen okenn
garanti ki di yo pap pran w ankò. Si se yon babekyou ou ta manje, fòk ou konnen
nan manje l, ka gen ti farinay, ti lapli e lè sa wap tankou Izo e ou paka kouri
twò fò paske chen mechan ka devore w, pouw mete w anba men lanmò san jou,
oubyen bòs manno.
Otè anonim
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Florvil Hyppolite
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Thèmes et contenus essentiels des Examens Officiels ( 9ème année fondamentale)
- Obtenir le lien
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Publier un commentaire