Rechercher sur ce blogue
Haiti Tchala est une plateforme collaborative destinée à promouvoir la jeunesse haitienne. Pour publier vos textes, vos opinions et vos analyses, écrivez nous à haititchala@gmail.com et bénéficiez d'une promotion gratuite. VWA TOUT MOUN KONTE !
En vedette
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Analiz sou Sugar Daddy vs boyfriend : Ki kote ou kanpe?
Analiz sou Sugar Daddy vs boyfriend : Ki kote ou kanpe?
Nan peyi a souvan gen yon slogan k ap fè hit. Men dabitid
yo souvan panche sou relasyon gason ak fanm. Nan moman an gen yon
slogan ki pa sispann repete , sou pwofil whatsapp, Instagram, facebook
anpil moun nan sosyete a, e menm pastè yo vle rantre nan fon sijè a .
Avan tou,
nou sipoze konnen sugar daddy, se yon nonm, ki souvan marye, ki souvan gen bon laj, ki gen anpil
kòb, bèl machin, bèl kay elatriye e ki deside pataje lanmou ki sou kèl ak yon
ti jèn fi. Li bakòp li sou plizyè plan tankou peye lekòl, peye stidyo, mennen l
Decameron souvan, mennen’l fè shooping elatriye. Angwo nou ka di se yon lot papa ke jèn fi sa genyen. N ap
presize tou, jèn fi sa konn gen bon mennaj li sou kote. Mennaj sa limenm souvan li konn la pou kon ble vid afeksyon ouben tou vid seksyèl Sugar
daddy kite. Yo souvan di Sugar
daddy yo gen yon bann pwoblèm. Nèg sou
kote sa tou, konn pwofite manje kòb Sugar daddy a.
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
Boyfriend lan se an reyalite
mennaj yon fi tankou mo anglè a defini l. Men nap presize nan kontèks pa
nou an, boyfriend lan se yon moun ki pa gen anpil mwayen , men ki malgre tout
bagay mennaj yon fi. Yo souvan la pou ede fè devwa, mache ak fi sa, pase tout
yon nwit nan telefon avèl. Yo la sitou pou bay sipo edikatif, moral. Men sou
plan finansye, li toujou difisil, dayè nan yo genyen ki etidyan. Kouman
w vle yon etidyan ki gen liv ak kaye epi rad pou li achte, san konte machin pou peye
okipe yon fi.
2 kategori moun sa yo
fe gen anpil deba nan sosyete a. Ou ka wè yon fi di cheri se mayi yo fé lakay
la Wi e m pa renmen manje mayi, Sugar daddy reponn , prépare toi, je passe te
prendre, on va manger à Domino's, poutan mennaj la ap reponn cheri souple fé sa pou
mwen, pran 2 kiyè e si mwen te la m tap mete nan bouch ou. E mwen asire nou gen
anpil bann egzanp ke nou konnen déjà ke mwen pa bezwen site.
Dosye sa nwi kèk moun. Gen ti
jèn ki di yo paka gen fanm yo pou kont yo, fanm nan fasil gen yon Sugar daddy sou li, ti jèn yo plenyen tou paske papa yo pa kite bèl fi yo pou yo. Men m
panse deba ale pi lwen. Kouman nou konprann dosye sa pandan nan sosyete a nou remake yon emèjans jenès feminen an ( menm si li piti) sou plan finansye? Kouman nou konpran Sugar daddy ap mete kob devan pou pran kè yon fi , Pandan moun ki sensè , fidèl,
afektye etc pa ka jwenn yon fi ki vle soufri avèk nou ? Aprè kesyon sa
yo gen anpil lòt, men map kite nou reflechi e map tounen ak yon dezyèm epizòd
sou dosye sugar daddy vs boyfriend kote nap wè avantaj ke 2 gwoup sa yo jwen...
Eduardo Massena
Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION
--
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Commentaires
Messages les plus consultés
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens de la 9ème année fondamentale pour l’année 2023-2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala examens de 9e année 2023
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Économiques et Sociales 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Tchala Examens officiels du Baccalauréat Unique en Sciences Mathématiques et Physique 2024 (NS4)
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Horaire des examens NS4 (SVT, LLA, SMP, SES) 2024
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Résultats du Bac de 9ème : Les Résultats Finaux Semblent Enfin Prêts
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Examens officiels ( Philo, NS4) 2020, HaitiTchala votre seul soutien
- Obtenir le lien
- X
- Courriel
- Autres applications
Bonswa, an reyalite koze sugar daddy a vini soumoun konsa avek mizik "madan papa" ke yon ti jèn cité soleil te ekri paskel te fe yon konsta ( anpil jèn fanm renmen ak neg ki te ka papa yo) . Koze saa te fè gwo eskandal , épi li vinn poze. Kek tan apre boum neg yo paret ak Yon kesyon tòg !
RépondreEffacerNan tout lari wap tande:" tòg pa nan karese, tòg pa konn nan fe lanmou , tòg pa konn kouri deyè fanm, tòg pa konn ect… sinn ap rezime, tout sa ki ta dwe sansyel ak afektye tonbe nan koze tòg la. Alòs endrikteman mesye yo kite van slogan ak tandans moman an pote yo ale : se konsa yo mete yo di tankou bout fè ak inaksesib jouk koze " sugar daddy" an mete pyel nn jwet la.
Ann pale verite, anpil fanm ta renmen gen Yon neg tankou sa keu nou konn we nn télé yo nn vi yo. Si anpil Moun panse c Yon kesyon lajan ki atire medam yo sou "Sugar daddy " yo Map di nou ke se Yon koze importans tou ke medam yo ap chache. Ou imajinew pou gen Yon Moun nan viw ki pa tann ou mande poul baw ? Ki analize bezwen entèn ak ekstèn ou yo épi ki di bal edew? Domaj ke se Yon granmoun ki ka fel...
Tòg yo , yo menm pou yo pa montre yo fèb trete fi a tankou ( M pa jwenn mot). Epi se konsa batay la komanse, pandan ke boyfriend lan ap jwe " fuis-moi, je te suis", sugar daddy a ap jwe " pa kitel mande plus, bal tout" .
E si kounya mesye yo rann yo kont de sitiasyon an , Ann pa neglije reyalite saa kote se Yon ti penyen lage ak kondisyon lamizè kote bezwen yo anpil e mwayen yo fèb ki fe anpil medam ( menm sa ki gen kob ak eklere yo) ap kouri deyè Yon sugar daddy