Passer au contenu principal

En vedette

Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an

  Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an Banj medya vini ak yon aktivite ‘’pop the ballon’’. E Haititchala te pote k è k pwen esyansy è l depi premye ‘’show’’ la pou ou. Se nan optic sa plizy è ‘’pop the ballon’’ f è t, e rezilta yo te souvan aplodi pa piblik la, men sa konn rive tou ke piblik la, gen k è k ti pwoblem ak patisipan e menm montre sa nan komant è yo f è sou rezo sosyal yo. Koup, ki enterese tout moun nan pa l ò t ke, Boubouline ak Cappuchino. Si gen relasyon ki bati an bl ò k ki kraze, ebyen relasyon sa ki bati avek blad la te bay yon l ò t imaj. Koup la komanse nan f è manje ansanm, Banj medya ede koup la pataje k è k bon bagay yap trav è se ansanm ak nou, koup la tap navige sou lalin jan moun yo konn di a. Nan langaj granmoun yo, si f è w è pa dire, ebyen poste relasyon sou rezo yo pi mal. Ti kras pa ti kras la, koup la komanse retire imaj ke se yon koup kap tande mizik ansanm, kap f è manje ansanm, kap bay ti fl è an piblik, kap menm bay l ò t j è n...

Men konsèy Jonathan Louis, yon etidyan FDSE, pou Etidyan Fakilte Leta yo


Konsèy Jonathan, etidyan FDSE,  pou Etidyan nan Fakilte Leta yo.

Yon Etidyan ta dwe yon moun k ap panse e analize chak fè yo ak bon sans li. Se yon moun ki pata sipoze kouri aji sou sansasyon oubyen yon senp enfòmasyon. Yon Etidyan gen yon nivo oubyen yon degre refleksyon li dwe ka fè.

Mwen raple m lè mwen potko ap etidye nan fakilte leta a, mwen te repete yon fraz konsa nan yon sal kite gen preske 40 etidyan, majorite nan yon te fache kont mwen e menm di mwen pa respekte yo. Poutan nan kèk jou apre genyen ki te vin dim monchè mwen baw rezon wi. Malerezman, se aprè yo fin viktim y ap banm rezon. Men, èske yo te bezwen tann se lè yo viktim ? Antouka nou toujou di se Sen Toma nou ye ... 

Fraz mwen an te pati konsa : ''Se pa paske nou anndan yon inivèsite kote  fòme moun pou demen peyi a, pou nou panse nan sal la, nou pa chita bò kote yon assasen; dilè dròg; vòlè, konplotè elt''
Mwen te kontinye pou m di kèlkeswa kote nou ye a, se yon obligasyon pou nou kontinye veye sou tèt nou e voye je sou pwochen ki bò kote nou an.

Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

Mwen pa t di fraz sa poum te akize pèsonn, men mwen te vle atire atansyon chak grenn Etidyan yo sou reskonsabilite yo genyen. E sitou, mwen vle di Etidyan parèy mwen yo, pandan yap kontinye mande jistis pou tout lòt kamarad ki tonbe sou tout fòm anba men asasen yo. Fòk yo pridan !

Mafya yo tout kote. Yo nan tout kouch epi yo prezan nan tout espas. Inivèsite a pa gen misyon kreye twoub sosyal e li pa yon espas pou pyès moun fè politik. Men tou, nou tout dakò lè yon peyi rive nan sitiyasyon kote Etidyan ap pran bal ak gaz andedan inivèsite a, li pa lòt bagay, se anachi total.

Pandan n ap kontinye mande jistis pou sila ki tonbe yo. Pa janm bliye sa : ''Liv yo ap toujou gen plis fòs ke Zam yo'' . Divèsyon fèt tout kote. Toujou sonje gen yon gwoup Nèg ak Fanm pa bò isit, pou lajan ak privilèj ya vann nou grenn pa grenn. Atè a pyeje ! 

#Batay ak plis entèlijans.
#Operasyon banm CV’w

Louis Jonathan
509 3128-3873 
louisjonathan89@gmail.com



Clique sur ce lien si toi aussi tu veux publier ton article sur haititchala.com : InfoPUBLICATION

-- 

VWA TOUT MOUN KONTE !
Restons connectés 

Commentaires

Messages les plus consultés