Passer au contenu principal

En vedette

Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an

  Boubouline vs Gaspard, yon rezime de zen an Banj medya vini ak yon aktivite ‘’pop the ballon’’. E Haititchala te pote k è k pwen esyansy è l depi premye ‘’show’’ la pou ou. Se nan optic sa plizy è ‘’pop the ballon’’ f è t, e rezilta yo te souvan aplodi pa piblik la, men sa konn rive tou ke piblik la, gen k è k ti pwoblem ak patisipan e menm montre sa nan komant è yo f è sou rezo sosyal yo. Koup, ki enterese tout moun nan pa l ò t ke, Boubouline ak Cappuchino. Si gen relasyon ki bati an bl ò k ki kraze, ebyen relasyon sa ki bati avek blad la te bay yon l ò t imaj. Koup la komanse nan f è manje ansanm, Banj medya ede koup la pataje k è k bon bagay yap trav è se ansanm ak nou, koup la tap navige sou lalin jan moun yo konn di a. Nan langaj granmoun yo, si f è w è pa dire, ebyen poste relasyon sou rezo yo pi mal. Ti kras pa ti kras la, koup la komanse retire imaj ke se yon koup kap tande mizik ansanm, kap f è manje ansanm, kap bay ti fl è an piblik, kap menm bay l ò t j è n...

Oslè


  • Rafrechi memwa sou ti jwèt lakay 2: Oslè

Oslè se yon ti zo ki nan Jenou kabrit : li pèmèt li mete ajenou .

Se ak 5 ti zo konsa timoun jwe oslè . Chak oslè gen 4 fas : Do, Kre, I, S. Oslè a jwe ak de moun . yon premye gen 5 oslè yo nan men li , li piye, li voye yo anlè epi yo tonbe atè sou youn nan fas yo.
Premye kondisyon : pou w ramase , ou dwe voye yon oslè anlè epi ramase yon lòt atè a san sa w te voye anlè a pa tonbe atè. Depi oslè a tonbe atè , se tou pa lot jwè a.
Dezyèm kondisyon : gen kat tou(manch) . Nan premye tou a , ou ramase yon grenn oslè chak fwa . ( 4 fwa ,1 oslè). Nan dezyèm tou an , se 2 oslè chak fwa. Nan twazèm lan , w ap ramase 3 oslè ansanm anvan epi 1 lòt aprè. Nan katriyèm lan , w ap ramase tou lè 4 ansanm.
Twazyèm kondisyon : pou w ramase oslè yo fòk yo tout sou menm fas. Sinon ou dwe mete yo so menm fas anvan ou ramase yo (voye youn anlè chak fwa w ap vire yon lòt). Premye tou a sou do . Dezyèm tou sou kre. Twazyèm tou sou i. katriyèm tou a sou S.
Moun ki genyen an se moun ki fini 4 tou yo anvan.
Se yon jwèt ou ka fè plizyè estil avèl. Dèfwa ou ka rapwoche wòch yo anvan ou ramase yo. Ou ka ajoute difikilte ladan l , ezanp ou ka mete yon men dèyè do w, ouben frape men w anvan w ramase oslè yo .  Se yon jwèt li mande anpil ladrès .



Commentaires

Messages les plus consultés